WHDL - 00010288
Konsènan Lang sit la
WHDL ka afiche nan plizyè lang. Itilize meni pou desann lan pou chwazi yon lang pou afiche sit la.
Mwen te chanje lang mwen an, men mwen toujou wè resous yo nan lòt lang?
Si yon resous oswa tèks pa t tradui nan lang ou chwazi a, l ap parèt nan lang yo te ajoute l an premye a. Nou toujou ap chache èd pou tradui resous sa yo. Si ou ka ede, kontakte nou!
WHDL - 00010288
PREMYE KOZE
Se yon plezi pou mwen rekòmande nou liv sa a pou yo fè fòmasyon pou tout kretyen ki nan wout pou yo vin nouvo manm legliz sa a. Se yon liv ki respekte prensip yo nan sa ki gen awè ak Bib ansanm ak tewoloji. Li pratik anpil, epi li fasil. Konsa menm lè yon moun ta manm Legliz Nazareyen depi lontan ap jwenn anpil pou yo tire nan liv sa a, e menm lè tou yon moun poko genyen anpil konesans sou legliz nou an, liv sa a ekri pou ou.
Liv sa gen yon pati ki konsène istwa Legliz Nazareyen an. Verite biblik sa a ki se: « Viv apa pou Bondye ki apa a » se sou li mesaj revèy sa a te chita. Se menm verite sa a John Wesley te deja reprann epi devlope pou legliz la : « yon moun ki nan peche ki mete konfyans li nan Jezikri kapab delivre anba kondanasyon ak pouvwa peche ». Sa ki pi rèd la moun ki kwè yo kapab pa mwayen lafwa lave wete tout salte peche ki rete nan kè yo epi rampli ak lanmou pafè Bondye a. Se depi aprè revèy sa a Legliz Nazareyen te vin egziste anba lobedyans ministè Phineas Bresee t ap fè pou Bondye nan lavil Los Angeles, nan lane 1895.
Te gen yon pawòl pastè Bresee te renmen di : « travay pou nou fè glwa Bondye desann sou tè a ». Laglwa te make epi distenge lavi premye kretyen Legliz Nazareyen yo rive kenbe « Pouvwa Bondye sa a » yo tout te blije gen konfyans nan Bondye menm jan. Yo tout te blije gen menm lespri ki anime yo. Yo tou te blije viv menm jan. An reyalite menm jan sa nou deja ekri yo montre sa a, lavi n ap viv nan Kris la ap chache rive nan renmen ki bon nèt la. « renmen ki bon nèt la » se espresyon John Wesley te pi prefere itilize chak fwa li te gen pou li pale sou jan yon kè dwe konsakre apa pou Bondye, epi viv lavi ki nan Kris la tout bon vre. Men n a sonje pawòl Bondye a anseye nan Efezyen 4.3, nou dwe bat pou nou toujou fè yon sèl ak Sentespri si nou vle viv nan renmen ki bon nèt la. Si nou deside fè yon sèl ak sentespri tout bon vre, tout manm legliz la sipoze tonbe dakò ak doktrin kle yo epi yo dwe pran angajman pou yo tout viv menm jan, yon jan ki pwoklame Kris gen otorite. Se sa ki vle di « fè yon sèl ak Sentespri a ».
Legliz Kris la gen yon lavi manm yo ap viv ansanm ki pa posib pou yo ta viv li lòt jan pase sa. Nan Nouvo Testaman mo ki tradwi espresyon « viv ansanm » se koynonya ki gen sans yon sèl lespri, yon sèl kè, mete lespri oswa kè nou ansanm. Konsa, nou dwe viv kòm si nou te gen yon sèl lespri ak yon sèl kè, si nou vle byen konprann lavi sa a n ap viv ansanm nan.
M ap priye pou nou pandan m ap swete pou nou menm k ap swiv kou sa a ta rive gen konviksyon Legliz Nazareyen ki se yon pati nan gran kò Kris la nou vle vin manm ladan epi se li menm nou vle bay sipò ak kolabarasyon nou.
—William M.GREATHOUSE
Sirintandan General (ement)